« Yon zòrèy ki koute ka fè yon gwo diferans. »
“Priye plis ” pa dwe sèl repons nou
Lè yon moun di nou li ap soufri, li pa toujou bezwen yon predikasyon. Pafwa, sa li bezwen se yon moun ki dispoze koute l.
- koute l san jije l;
- pa minimize sa li ap travèse;
- pa konpare sitiyasyon li ak pa nou;
- pa bay opinyon sou sa nou pa konprann;
- priye avèk li;
- rete bò kote l;
- fè l sonje li pa poukont li;
- ankouraje l pale ak yon pwofesyonèl;
- mache ansanm avè l avèk lanmou, pasyans ak konpasyon.
Yon kominote lafwa kapab tounen yon kote moun jwenn moun ki koute yo, ki aksepte yo epi ki ba yo bon direksyon.
Legliz nou yo ta dwe yon kote kote yon moun kapab di: « Mwen pa byen. Mwen bezwen èd. » san yo pa kondane l, diskrimine l oswa konsidere l kòm yon moun ki pa gen ase lafwa.
Kilè pou w chèche èd?
Yon tristès ki pase (tamporè) ak depresyon kwonik se pa menm bagay. Lè sentòm enpòtan yo dire de semèn oswa plis epi yo kòmanse afekte travay, lekòl, relasyon, dòmi, manje oswa aktivite chak jou, li enpòtan pou pale ak yon pwofesyonèl lasante.
Tretman kapab gen ladan sikoterapi, medikaman oswa yon konbinezon plizyè apwòch. Tretman an depann de bezwen chak moun ak evalyasyon yon pwofesyonèl.
Pawòl nou ta dwe evite
- “Ou dwe fò ”
- “Sispann panse ak sa.”
- “Ou gen tout sa ou bezwen pou ou kontan.”
- “Gen lòt moun ki nan pi move sitiyasyon pasew.”
- “Ou bezwen priye plis.”
- “Yon kretyen pa ta dwe fè depresyon.”
- “Mwen te pase nan menm bagay la; mwen konnen egzakteman sa wap travèse.”
- “Si se te mwen, mwen tap deja pase sou sa.”
Pawòl sa yo kapab fè moun nan santi l koupab, santi yo pa konprann li, oswa fè l santi li pa gen dwa soufri. Soufrans anndan yon moun merite menm konpasyon ak yon blesi nou kapab wè.
Yon mesaj espwa
Si w ap travèse yon peryòd depresyon, soufrans ou merite pou yo koute l. Pale ak yon moun ou fè konfyans. Chèche èd pwofesyonèl lè w bezwen li. E si lafwa fè pati lavi w, kontinye chèche Bondye pou rekonfò ak fòs pandan w ap kontinye avanse.
Gerizon kapab kòmanse avèk yon priyè, yon konvèsasyon, yon randevou oswa kèk mo senp: “Mwen bezwen èd.“
Ann respekte moun k ap viv ak depresyon.
Ann koute yo san nou pa jije yo.
Ann evite diskriminasyon. Ann ankouraje yo chèche èd.
Ann mache bò kote yo avèk lanmou, pasyans ak konpasyon.
Paske yon moun k ap viv ak depresyon pa bezwen kondanasyon; li bezwen konpreyansyon, sipò ak espwa.
SI W NAN YON MOMAN KRIZ
Si ou menm oswa yon moun ou konnen Ozetazini ap panse ak swisid oswa fè tèt li mal, rele oswa voye mesaj tèks nan 988 Suicide & Crisis Lifeline. Si gen yon danje imedya oswa yon ijans ki menase lavi, rele 911. Si w nan yon lòt peyi, kontakte sèvis ijans lokal yo oswa yon liy asistans pou kriz ki disponib kote w ap viv.
