Skip to content

Faith for every season. Grace for every step. Victory through the journey.

Grace et Victoire Grace et Victoire Faith • Growth • Purpose

Faith & Spiritual Growth

Refleksyon sou depresyon: Jou 1

September 7, 20263 minute readBy Rolanda Desir Andre

Depresyon se yon reyalite anpil moun toujou mal konprann. Gen anpil prejije ak move konsepsyon sou li. Se poutèt sa li enpòtan pou nou aprann konprann li, olye nou jije moun k ap viv avè l.

Depresyon pa toujou make sou figi yon moun. Yon moun ka souri, travay, ede lòt moun, ale legliz, pran swen fanmi li epi kontinye ak aktivite li pandan l ap soufri an silans.

Pafwa, lè soufrans lan vin vizib sou figi moun nan, se paske li deja rive twò lwen.

tristès ki pèsistan;

gwo fatig;

pèt enterè nan bagay moun nan te konn renmen;

iritasyon oswa kòlè;

difikilte pou konsantre;

chanjman nan dòmi oswa nan apeti;

santiman dezespwa;

anvi rete poukont li.

Depresyon pa gen yon sèl figi ni yon sèl fason pou l manifeste.

Li pa tankou yon inifòm tout moun mete menm jan. Li diferan pou chak moun.

Fason depresyon parèt nan lavi yon moun ka diferan nèt ak fason li parèt nan lavi yon lòt moun.

Menm jan an tou, fason yon moun reyaji devan depresyon pa nesesèman menm jan ak fason yon lòt moun ap reyaji.

Se poutèt sa nou pa dwe di: «Mwen te pase nan menm bagay la, se konsa ou dwe santi w tou.» Menm si nou te viv yon eksperyans ki sanble, sa pa vle di sitiyasyon an menm, doulè a menm oswa fason moun nan ap viv li a menm.

ou fèb

Depresyon pa vle di ou pa yon moun nòmal.

Li pa vle di ou se yon move kretyen.

Li pa vle di ou pa gen lafwa.

Li pa vle di ou pa priye ase.

Li pa vle di ou pa goumen.

Li pa vle di ou lach oswa ou fèb.

Li pa vle di ou pa yon bon gason oswa yon bon fanm.

Li pa vle di ou fou.

Li pa vle di se yon move lespri ki sou ou.

Gen moun ki depanse anpil enèji pou yo fè bagay ki sanble senp pou lòt moun: leve nan kabann, benyen, abiye, ale travay, reponn yon mesaj oswa pran swen pitit yo.

Sa nou wè deyò pa toujou montre batay moun nan ap mennen anndan li.

Moun ki souri a ka fatige anpil. Moun ki toujou ankouraje lòt moun nan ka bezwen ankourajman tou.

Se lè pou nou sispann jije ak diskrimine moun k ap viv ak depresyon.

Pa fè moun nan santi li diferan, enferyè oswa koupab akoz sa l ap viv la.

Pa mete etikèt sou li, pa pase l nan betiz epi pa trete l tankou li pa kapab fè anyen.

Nou pa dwe mezire doulè yon moun sèlman dapre sa nou wè deyò. Nou pa konnen batay moun nan ap mennen anndan li, ni kantite doulè li pote chak jou.

Anvan ou mande yon moun poukisa li poko pi byen, mande l avèk lanmou: «Kijan ou ye toutbon?»

Poze tèt ou kesyon sa yo anvan ou jije lòt moun:

Èske kòmantè mwen an nesesè?
Èske li jis?
Èske li vre?

Rolanda Desir Andre

Author, healthcare professional, and founder of Grace et Victoire.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *